Accéder au contenu principal

Ayiti nou pa konnen an


                                                     



Depi m tou piti jouk jounen jodi a, m toujou tande yo di Ayiti se yon peyi ki di. Se kote moun ap ba t dlo pou bè, moun ap boukannen glas. Se peyi nèg politik ap taye banda, leta ap gaspiye kòd pèp la, pastè k ap vole lajan fidèl, peyi gòg magòg. Se yon peyi kote gen moun k ap byen mennen pandan lòt ap panpannen. Nèg anwo pa vle wè nèg anba, nèg anba rayi nèg anwo. Se chak koukouy klere pou je w. Nèg lavil ap imilye nèg andeyò, nèg mòn. Tout gro deba nan radyo se zafè sa k gade lavil y ap pale. Men yo pa janm pran yon ti tan pou gade sa k ap pase nan seksyon kominal yo, nan zòn andeyò yo. Pou rive konprann eske sa k ap pase nan vil pwovens ak potopwens yo se menm bagay ak sa k ap pase nan seksyon. Bongre, malgre, moun ki nan vil yo jwenn gen kouran menmsi se chak twa jou, ou wè lapolis devan je yo. Men moun k ap viv nan Ayiti nou pa konnen an, nou pa janm gen lapenn mande kòman y ap viv? Ki èstil ak mòd vi y ap mennen?
Moun sa yo lage pou kont yo. Yo pa konn si gen prezans leta, dayè leta a pa menm konnen si yo ekziste. Yo pa konnen sa k rele lajis nan tribinal, bagay sa gen yon jan yo regle sa. Amizman yo se chita leswa anba lalin klè ap kale blag. Nan sezon rekòl, manje rete atè. Si se pou yanm, zaboka, fig. tayo, patat, manyòk, mang sa pa manke. Manje pa yon liks pou yo. Yo pa manje manje pèpè, sa fè yo pa fè vye maladi enpòte. Nan espas sa yo pa gen timoun pwatchòkò. Se kote timoun respekte granmoun, timoun pa jwe nan bad granmoun. Se kote moun gen diyite ak pèsonalite.Peyizan sa yo respèkte valè, yo bay valè ak sa ki merite valè.Menm jan an tou nou dwe ba yo valè. Se pa lè pabon pa la pou n ap di jan pabon te bon. Kòm konpansasyon, nou dwe bay yo apresiyasyon. Nan ansanm gro valè yo posede, yo pa gen aspirasyon ti grangou, sichikman yo byen danble. Se moun ki gen moral yo wo, yo p ap rele chen papa pou zo. Moun pa jwe ak karaktè moun la, paske ou san lè tonbe anba sanksyon sosyal. Y ap fè w tounen zonbi pou w al vann kann nan mache landjèz. Se moun ki kwè nan travay paske yo konnen lavi pa fè kado, yo konnen tout bagay pou yo genyen se nan batay pou yo jwenn li. Se moun k ap travay di pou yo reyisi.
Yo gen lespri tankou rat. Menmsi yo pa ale lekol, paske leta kite yo nan ignorans, pou soufrans pa fini, yo konn fè kalkil. Yo pa gen yon konesans syantifik, men eksperyans yo pa gen pri. Yo gen yon fason yo kowabite ak lanati, sa se yon bagay ekstrawòdinè. Ak bon sans yo, yo rive kominike ak nati a. Yo kontwole chak ti detay nan lanati.  Chak nouvèl lin, yo konnen ki plant pou yo plante. Yo konnen enpòtans chak pye bwa nan lakou yo. Maladi yo pa dire, ak fèy ki nan raje a y ap kouri dèyè l. Yo pa etidye nan gwo liv, men gen yon fason yo fè dozaj yo pou mediman an ka efikas, menm lasyans poko jwenn etaj sa. Moun ou pa ta panse vin la. Sa fè menm gwo zotobre vin chèche laswenyay nan men yo. Yo pito monte mòn nan nenpòt kilè depi sante yo menase pou y al pran bon beny. Beny ki fèt ak pwodwi lanati. Lanati pa bay yo de penn alafwa. Lè zotobre bezwen pouvwa yo touse pye pantalon yo ale la tou. Se sèl lè yo sonje moun sa yo egziste. Lè yo fin pran pouvwa, yo bliye. Memwa yo kout. hmmm, ann kase kout mete nan makout, paske moun sa yo about. Yo about ak mesyedàm san konsyans yo. Y ap mande yon chans, paske zansèt yo te goumen pou yo tou. Nou tout merite jwenn nan repatisyon. Se peyi m, se peyi w, se peyi nou tout.

A swiv..

Otè: Joanes JEAN

Commentaires

Francheman Haiti sa se yon peyi sespasyal antouka rèspè Joanès pou debriefing sa

Posts les plus consultés de ce blog

Réflexions diverses sur « Haïti qui sera le gagnant ? »

Réflexions diverses, " Haïti, qui sera le gagnant ? "           J'ai examiné L'État critique de mon pays, ce n'est qu'un drame pour la masse. C'est-à-dire à chaque fois que le pays fait face  à une situation pareille,  les parties (les couches) gagnantes sont toujours la bourgeoisie et le staff de l'administration Étatique. L'évidence,  c'est que nous sommes tous entrain de souffrir, et notre état ne va pas être changé en absence d'une  prise de conscience de la vulnérabilité de ce système, et pour le changer radicalement. Un système où, les 95% de nos  ressources sont sous les tutelles des bourgeois.  Pour éradiquer ce dilemme nous devons admettre que nous sommes tous de la même race, même avec nos différences de couleurs, nous devons tous nous unir par le désir qu'un jour nous devenons une nation. Papouloute Silant Sindji Etudiant en Science Administrative           Selon moi, la masse est la première victime

C'est quoi Semence-H?

       Au fil des âges et des ères, la créativité, est imputée à l'homme et il a le pouvoir de dominer la création de créer son environnement.       Haïti, qualifié   pays difficile, là où les ressources disponibles sont très limités. Pourtant, les besoins aux quels nous devons répondre sont illimités, nous devons utiliser cette créativité pour créer notre bien être, notre   stabilité certaine du point du vue social, économique et autre.  En Haïti, Réussir seul n'est pas facile. Parce que  le jeune haïtien n'a pas beaucoup d'opportunité et de manœuvre à sa disposition. La solution la plus sûre c'est de se mettre ensemble, cela n'existe pas seulement dans les pays comme Haïti. A titre d'exemple, aux États-Unis, la compagnie McDonald's est une corporation. Cette idée nous a inspiré. Ainsi la création de Semence-H. Semence-H est une association formée avec des jeunes intellectuels ayant pour guide le Dieu tout puissant ayant pour souci de pe

La victoire de l’echec d’une partie de la jeunesse Haitenne

Les  boites  de  nuit  sont  leurs  bibliothèques,  les  car-wasch  party  leur  passe-temps,  la  nudité  leur  habit, la prostitution  leur  fidélité, la  fornication  leur  statut  matrimoniale,  l’immoralité leur  qualité,  l’irrespect  leur sourire,   l’indescence   leur   dignité,   l’impunité  leur   personnalité,   l’ignorance   leur     intelligence,   la corruption  leur  conditionnement,  les  corrupteurs leur  modèle  C’est  bien    heureusement  cette  génération  qui  succédera la  génération adulte  çi-present.  Une génération qui  s’abstiendra  de  toutes  étiques morales,  qui  s’adonnera  à  la  vie  que  tous  nos  parents  ont toujours  rêver «  la  vie  de  libertinage »  mais  par  la  rigueur  de  leur  parents, ils  ont  dû  le  refouler.  Une  mode de  vie  qui  était  belle  et  bien  emprisonné par  les  valeurs  civiques,  à  cause  de  sa  tentative  d’agression  sur la  morale,  le  respect,  la  dignité,  la  personnalité.  Mais  grâce a  un  groupe  de