Accéder au contenu principal

LAJENÈS LAVNI W NAN MEN W


LAJENÈS LAVNI W NAN MEN W

Nan tout peyi sou latè, kote dirijan ap panse, yo konsidere lajenès tankou yon fòs. Yon fòs ki enspire lespwa. Yon lespwa ki ka pèmèt yon landemen miyò. Se pou sa leta nan gran peyi, kote dirijan ap panse, yo mete bon jan ankadreman ak èstrikti pou jèn yo. Bon jan ledikasyon pouki sèvi yo. Paske menm jan yon plant bezwen dlo pou owoze l pou l ka rete bèl , djanm anfòm, se konsa tou yon peyi bezwen jenn li yo pou l kapab rete fò, djanm pisan epi pwospere.
Jèn ou pa dwe dekouraje menm si nan peyi nou pa gen lekòl ak inivèsite pou tout jenn fanm ak jenn gason. Sa pa dwe fè nou dekouraje si nou vle mete konesans nan tèt nou, menm si kondisyon yo pa reyini pou nou etidye menm jan ak yon ti ameriken, menm lè nou pa gen ase manje, nou pa gen bibliyotèk, nou pa metrize teknoloji a ase ak yon pil lòt pwoblèm ankò, nou dwe toujou rete kwè nan rèv nou. Se pou nou kondisyone lespri nou nan bagay ki pozitif, pandan n ap etidye ki èstrateji pou nou pase pou nou kraze sistèm peze souse a, kote chodyè a kontinye ap bouyi yon sèl bò.
Jèn gason ak jèn fanm kenbe karaktè nou paske apre lapli fin tonbe, solèy la toujou la pou briye. Se pou nou toujou kenbe diyite nou, paske nan yon peyi tankou peyi Dayiti se nou ki fòs la.
Se pou nou chèche bon modèl yo pou nou swiv. Se pou nou kòmanse kopye sou sa ki bon. Pa adapte nou ak sa ki pa bon. Pa akomode nou ak sa k ap mennen nou nan pèdisyon. Direksyon nou dwe pran an se direksyon ki ka pote solisyon ak pwoblèm nou yo, pou demen timoun k ap vini yo pa mande nou kisa nou t ap regle. Atache nou ak bon tradisyon yo pandan n ap rechte tout sa ki pa bon yo.
Jounen jodi a gras ak teknoloji enfòmasyon yo, nou ak kontak ak tout sa k ap fèt nan lemonn, tout pwogrè , nan tout domèn. Mwen vle egzote nou pou nou itilize yo nan enterè nou, paske enterè n se yon landemen miyò k ap debouche sou Ayiti nou vle a.
Toujou kenbe liv nou, "kraze bèt" nou pou demen n ka vin bèl. Konsa yon lòt Ayiti n ap reve a ap tounen yon reyalite. Ayiti nou vle a va sa tout bon vre, men fòk depi jodi a nou menm lajenès nou kwè nou se yon fòs. Konsa chenn ki mare lespri n nan va kase. Aprann sa tande ou menm, ou menm ou se yon fòs menm lè bagay yo rèd.
Pa bliye se nou ki envante lalibète, nou se premye pèp nwa ki endepandan sou latè, an n trase pwòp chimen nou ,pandan n ap kraze tout barikad ki anfas nou.
Lajenès pa gaspiye tan n ,ann fè pou priyorite nou bagay ki enpòtan. Pa kite moun pase nou nan tenten, pa okipe sa  moun  ap di sou nou, se nou menm sèl ki ka fè diferans la, paske lavni w nan men w. Kenbe diyite w pou demen ou pa di si w te konnen.


Moun ki ekri tèks sa se:
Joanès, JEAN

Commentaires

Unknown a dit…
C vreman byen sa, mw ankourajew wap rive plus loins
Kenbe la ti frem

Posts les plus consultés de ce blog

Réflexions diverses sur « Haïti qui sera le gagnant ? »

Réflexions diverses, " Haïti, qui sera le gagnant ? "           J'ai examiné L'État critique de mon pays, ce n'est qu'un drame pour la masse. C'est-à-dire à chaque fois que le pays fait face  à une situation pareille,  les parties (les couches) gagnantes sont toujours la bourgeoisie et le staff de l'administration Étatique. L'évidence,  c'est que nous sommes tous entrain de souffrir, et notre état ne va pas être changé en absence d'une  prise de conscience de la vulnérabilité de ce système, et pour le changer radicalement. Un système où, les 95% de nos  ressources sont sous les tutelles des bourgeois.  Pour éradiquer ce dilemme nous devons admettre que nous sommes tous de la même race, même avec nos différences de couleurs, nous devons tous nous unir par le désir qu'un jour nous devenons une nation. Papouloute Silant Sindji Etudiant en Science Administrative           Selon moi, la masse est la première victime

C'est quoi Semence-H?

       Au fil des âges et des ères, la créativité, est imputée à l'homme et il a le pouvoir de dominer la création de créer son environnement.       Haïti, qualifié   pays difficile, là où les ressources disponibles sont très limités. Pourtant, les besoins aux quels nous devons répondre sont illimités, nous devons utiliser cette créativité pour créer notre bien être, notre   stabilité certaine du point du vue social, économique et autre.  En Haïti, Réussir seul n'est pas facile. Parce que  le jeune haïtien n'a pas beaucoup d'opportunité et de manœuvre à sa disposition. La solution la plus sûre c'est de se mettre ensemble, cela n'existe pas seulement dans les pays comme Haïti. A titre d'exemple, aux États-Unis, la compagnie McDonald's est une corporation. Cette idée nous a inspiré. Ainsi la création de Semence-H. Semence-H est une association formée avec des jeunes intellectuels ayant pour guide le Dieu tout puissant ayant pour souci de pe

La victoire de l’echec d’une partie de la jeunesse Haitenne

Les  boites  de  nuit  sont  leurs  bibliothèques,  les  car-wasch  party  leur  passe-temps,  la  nudité  leur  habit, la prostitution  leur  fidélité, la  fornication  leur  statut  matrimoniale,  l’immoralité leur  qualité,  l’irrespect  leur sourire,   l’indescence   leur   dignité,   l’impunité  leur   personnalité,   l’ignorance   leur     intelligence,   la corruption  leur  conditionnement,  les  corrupteurs leur  modèle  C’est  bien    heureusement  cette  génération  qui  succédera la  génération adulte  çi-present.  Une génération qui  s’abstiendra  de  toutes  étiques morales,  qui  s’adonnera  à  la  vie  que  tous  nos  parents  ont toujours  rêver «  la  vie  de  libertinage »  mais  par  la  rigueur  de  leur  parents, ils  ont  dû  le  refouler.  Une  mode de  vie  qui  était  belle  et  bien  emprisonné par  les  valeurs  civiques,  à  cause  de  sa  tentative  d’agression  sur la  morale,  le  respect,  la  dignité,  la  personnalité.  Mais  grâce a  un  groupe  de